Anndan vant enpinite 7 fevriye 1986 : diktati kaba Ekspozisyon anlign Bibliyotèk Pataje yon dokiman

 

 

YON TI RALE SOU PWOJÈ A

Jou ki te 7 Fevriye 2014, pwojè « Ayiti nan batay kont enpinite » te jwenn lansman li anmenmtan nan Pòtoprens ak nan Monreyal.

Pouki gen yon nesesite pou inisyativ sa a ?

 

Ann Ayiti, se raman lajistis kondane krim Leta komèt, krim politik ak krim moun fè. Yo touye, fè kadejak, vòlè, kidnape, tòtire, san lajistis pa mennen okenn ankèt ; san pa gen okenn jijman pou zak kriminèl ak ilegal yo. Sa ra pou gen ankèt. Lè sa rive, ankèt yo pa janm abouti. Menm lè rive gen yon jijman, pi souvan desizyon lajistis yo pa konfòm ni ak sa lalwa di, ni ak laverite. Pa gen sekou pou viktim yo ak fanmi yo ki retwouve yo fas pou fas ak kriminèl yo. Viktim yo oblije ap sibi mepri ak awogans bouwo yo. Yo oblije fèmen bouch yo pou evite sibi reprezay nan men bouwo yo. Oswa tou, viktim yo pito pa pale ditou, paske yo sèten yo pa p jwenn jistis. Lè viktim yo deside pote plent, anjeneral yo bite sou kesyon enpinite an,  yo retwouve yo devan yon sistèm lajistis ki soud ak bèbè. Deplizanpli, enpinite ap rantre lan nannan sosyete a, l ap tounen tankou yon bagay ki nòmal pou sitwayen ak sitwayèn yo, kòmsi yo kondane ak yon madichon. Sa fè alèkile, krim ak koripsyon tounen zak bannal. Yo mande viktim yo fèmen bouch yo, bliye tout masak, tout moun ki tòtire, mouri ak disparèt, tout soufrans, vyòl, kidnapin ak vòl charye, paske sosyete a pa vle ba yo jistis. Silans ak dòmi bliye yo fòse viktim yo asepte, vin mete ak yon sistèm lajistis degrenngòch pou byen makònen enpinite nan  sosyete a.

 
Enpinite se lè pa gen okenn sanksyon ki pran kont lide, kont zak ilegal, kont zak ki merite kondane. Genyen enpinite tou, lè pa gen règleman oswa lalwa, osnon lè lwa yo pa aplike. Lè moun vyole lalwa, epi sosyete a pa pran okenn mezi pou pini zak yo, se enpinite. Chak tan sosyete a pa aplike pinisyon ki merite pou move zak, lotè zak yo ap jwi enpinite paske krim yo pa jwenn sanksyon.
 

 

Enpinite egziste depi digdantan ann Ayiti. Soti lan peryòd esklavaj, pase nan epòk endepandans, okipasyon etranje ak diktati Duvalier (Divalye) a, pou rive lan lane 1986 yo ak jounen jodi a, peyi d Ayiti se yon tè k ap plede donnen tout kalite enpinite. Se sitou pandan peryòd diktati divalyeris la enpinite a vin blayi, vin tounen yon sistèm. Depi lè  a, enpinite fè mikalaw nan peyi a.

 

 

Kòm enpinite se yon sitiyasyon ki anvayi Ayiti depi digdantan, men espesyalman depi diktati Divalye a;

Kòm enpinite fin blayi nèt, sa bay laperèz, sa mete baboukèt;

Sa klè, sosyete a gen gwo mankman nan zafè enstitisyon ki ta dwe la pou prezève rasin memwa nasyon an epi transmèt li bay lòt jenerasyon yo;

Se poutèt sa li ijan pou sitwayen ak sitwayèn yo mobilize san rete, pou konbat enpinite epi bare wout tantativ pou fè pèp ayisyen pèdi rasin memwa li.
 

Se poutèt sa menm inisyativ « Ayiti nan batay kont enpinite », ki se yon bibliyotèk ki disponib sou entènèt la, ap chèche rasanble  enfòmasyon  sou  tout  kalite enpinite  ki make  listwa  d Ayiti, pou montre tout vire tounen sistèm enpinite a ann Ayiti a. espesyalman Inisyativ la ap chèche an patikilye mete aladispozisyon jèn yo dokiman sou evènman ki pase yo. Analiz yo ap ede konprann fonksyonman sistèm enpinite a ak divès fòm enpinite a pran, soti sou epòk Divalye apati 1957 pou rive nan epòk n ap viv la a.  

Se yon ekip moun ki nan divès peyi k ap pote inisyativ sa a. Pou inisyativ la dire, li bezwen lòt kontribisyon, lòt konkou. Sit entènèt la ap anrichi gras a temwanyaj, foto, dokiman, plis pwopozisyon pou ribrik li resevwa. Pou li sa kontinye travay pou akonpli misyon li, inisyativ la bezwen tou bourad lajan. Sa ap ede touche divès jenerasyon yo, yon fason pou batay kont enpinite ann Ayiti a rapouswiv.

Se Sant Ekimenik pou Dwa Moun (CEDH) ann Ayiti  ki te vini anpremye ak lide pou fè yon sit dokimantè « Ayiti nan batay kont enpinite ». Kolektif kont enpinite an te deside avanse ak lide sa a -ak sipò Platfòm Ayiti nan peyi Laswis (PFHS)-;  kidonk, li mete lide a an mouvman ki vinn tounen yon pwojè. Byen vit, anpil pèsonalite nan dyaspora ayisyen an ak plizyè patnè enstitisyonèl aletranje e ann Ayiti vinn kore pwojè a e fè l grandi : Asosyasyon pou Defans Dwa Moun ak Demokrasi ann Ayiti (ADDHDH, Pari); Sant pou Dokimantasyon ak Enfòmasyon Ayisyen, Karayib ak Afriken-Kanadyen (CIDIHCA, Monreyal); Devwa Pou'n  Sonje-Ayiti. Reyalizasyon pwojè a  -ak sipò CEDH, PFHS epi FOKAL (Fondasyon Konesans ak Libète)- se travay yon ekip pwofesyonèl nan plizyè domèn ki tabli nan Kalifòni, Monreyal ak Pòtoprens. « Ayiti nan batay kont enpinite »  se rezilta yon konbit kote divès moun ak òganizasyon mete men ansanm;  se CEDH ki jere l.

                                                                                                

Ayiti nan batay kont enpinite, paske Ayiti ap gen yon bon vizaj toutbon vre
lè li resi chouke nan lalwa, lajistis ak laverite.

 

Jistis ede yon nasyon grandi, enpinite detwi yon nasyon…